Konbyen Ayisyen
ankò pou Dominiken touye ?
S
|
e avèk yon gwo santiman revòlt ak
endiyasyon ke pèp ayisyen an te aprann 11 fevriye 2015 la, Dominiken san fwa ni
lwa te touye yon sitwayen Ayisyen yon frè nou ki rele Harry Claude Jean. Foli nazis yo monte
nan tèt yo,foli rasis ak foli blan yo retire tout imanis lakay yo,sanble
Dominiken kòmanse fou tout bon vre mesye ? Nan ki tan n’ ap viv la mezanmi
pou moun ap pann moun sou plas piblik toujou , pou moun ap koupe tèt moun
toujou,kiyès ki bay Domoniken dwa pou yo deside kondane Ayisyen san yo pa jije yo,ki kote yo jwenn dwa pou yo
touye san gade deyè,san yo pa enkyete ,ki bagay sa ? Kote Loni, kote
Loea,kote dirijan peyi Dayiti yo ye ?Apa dirijan ayisyen lage Ayisyen
tankou yon bann ti kabrit san mèt sou latè ? Tout kote ap pwofite
Bahamas,Dominikani,Etazini … sa Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun di nan sa, ki sa
konvansyon entènasyonal yo di, tout moun se moun nou pa dwe fè diskriminasyon
sou moun apati de koulè po l, de ras , de orijin etnik li….Bon rete s’ak pase Dominiken la menm ? Ki move
lwa ki danse nan tèt Panyòl ki lòt bò fwontyè a? Mouche Leonel Fernandez sa w
di nan sa a,ou kontan pa vre ou wè zèv ou ap grandi, zèv ou ap vale teren pa vre,listwa rakonte se ou menm ki
te kòmanse fè kampay kont Ayisyen lè w t’ ap pran pouvwa pou premye fwa nan
lane 1996.Ipokrit ou ye,ou pran pòz ap
devlope bòn relasyon ak Otorite peyi Dayiti nan fè kado Inivèsite alòske nan
pwofondè kè w rayisman pou Ayisyen pa janm fini , Mesye FERNADEZ fò w di yon mo
nan koze sa wi, nan zafè Dominiken frè w yo k’ ap depatya ,mitile,kraze,imilye,toufounen,tizonnen,pann,touye
Ayisyen pi mal ke zannimo. S ak pase la menm Ayisyen pa gen gadò? Gade koze
mesye,kote dirijan ayisyen yo,sa n’ ap regle menm, nou gen twòp bagay serye n’
ap regle kidonk nou pa gentan pou n tande rèl konpatriyòt nou yo k’ ap sibi zak
maspinay lòt bò frontyè,se zafè diplomasi k ap regle papa se gwo koze, zafè ti Ayisyen k
ap pran brimad tribò babò pa enterese n , kidonk Ayisyen lage nan mond lan sou
kont kapris lòt nanchon sou planèt la. Minis zafè Letranjè peyi Dayiti a di se
dyalòg l ap privilije nan dosye Ayisyen sa ke sanginè dominiken yo touye a, Minis
lan rele vinn an Ayiti Anbasadè nou te genyen an Repiblik Dominikèn nan kise
Mesye CINEAS kèk jou avan yo te pann frè nou an Dominiken te antre kay anbasadè
sa kote yo te vòlè de kofrefò epi pote ale lajan yo te jwenn nan kay la. Minis
zafè letanjè nou an te konvoke Anbasadè Sendomeng nan tou men pou fè kisa? Minis
lan di li mande dirijan peyi Sendomeng yo pou pouse ankèt la pi lwen, pi lwen, pi
lwen apre sa y ap pan lòt mezi, ki mezi sa yo nou anvizaje pran «
Mesye le Minis » ? Nou
ta renmen konnen .Pou valè sa Dominiken fè Ayisyen deja ki Mezi nou janm
pran ? Nou prefere fè ti jwèt anba tab ak gwo zotobre Sendomeng yo .Dominenken
ap matirize Ayisyen epi bò isit
Dominikèn se prensès,machin ak plak dominikèn anvayi Ayiti, kamyon dominiken ap
rantre tout lajounen tout lannwit an
Ayiti, yo chaje kon lapolòy, Ayisyen pa gen valè devan Panyòl men lajan
ki sòti Ayiti pou al achte pwodui dominiken gen valè,mache nou yo finn anvayi
ak tout sa ki sòti lòt bò fontyè,bagay ki pa menm respekte tout nòm de kalite. Kilè nou menm
Ayisyen pitit Desalin ak tout lòt Zansèt yo n ap mete kanson n nan tay nou pou
fè faskare ak Repiblik Dominikèn ,konbyen Ayisyen ki pou mouri ankò pou n
konprann Sendomeng pa gen okenn respè pou nou, konbyen frè n ak sè n pou
Dominiken masakre pou n konprann sa gen lontan Dominiken ap deklare n lagè,lè
yo boule drapo n se nou yo boule,lè yo mache sou drapo n se sou fyè l nou yo
mache . Nou pa ka goumen ak yo ak zam fann fwa, ak mitrayèz,ak bonb men nou ka goumen
ak ideyoloji,ak konesans. Se nou ki te devan,
se nou ki manman libète,se nou ki te trase chimen libète pou tout pèp ki te nan
lesklavaj, li lè pou n reprann plas nou pami lòt gwo nanchon ki fè listwa yo.Ki
listwa Repiblik Dominikèn ? Li lè
pou van divizyon,van prejije,van rayisab sa sispann soufle nan mitan nou
Ayisyen pou n ka ranje eskanp figi peyi nou. Li lè pou n konstwi nanchon
ayisyèn nan avan twò ta bare n’, paske
si n kite l twò ta nou tout ap sòti pèdan zòt ap tou pran peyi sa nan men nou. Ann
deside kounye a menm pou n kòmanse pa achte bagay dominiken fè,sispann al pase
vakans lakay yo,ann plante ann wouze,nou jèn nou ka travay,ann ranmase karatè n
devan Dominiken, se Ayisyen nou ye,nou gen ginen avè n, Granmèt la pap lage n’,depi
nou deside fè byen nan dis lane ankò n ap kòmanse wè mèvèy nou ka fè. Respè pou
tout Ayisyen k ap goumen pou sa chanje,Jistis pou tout Ayisyen Dominiken touye
nan move kondisyon. Ann refè l ankò ! Ann etone lemond ankò.Viv Ayiti,viv
libète,aba zak maspinay sou tout Ayisyen kèlke swa kote yo ye sou latè.
PECOD